Friday, December 31, 2010

Vizit nan Boston

Jeneralman 31 Desanm se yon fèt mwen pa janm vle rate nan Latanye. Paske se moman sa mwen toujou ak tout fanmi mwen epi pase yon bon moman ak zanmi mwen te grandi avèk yo. Nou toujou pran jou sa yo manje anpil pwason, brigo ak bwè ti gwòg nou tou.  Men ane sa a, nan objektif pou ede pwojè laptop XO vin reyisi pi byen an Ayiti, mwen pa pase jou sa yo nan Latanye ak fanmi epi zanmi m yo.

Pou kounya mwen nan Kendal Square 1 Cambridge Center Red Line Stop.  M ap travay ansanm ak yon ekip OLPC sou yon kat (olpcmap.net).  Depi Madi nou fokis nan kòman nou kapab rann web site: http://olpcmap.net/ la vin pi itil pou moun ki vle itilize li nan monn nan.  Nenpòt nan zanmi k ap suiv blòg sa kapab klike sou sit sa a, w ap wè ki kote n ap fè pwogram XO a an Ayiti.

Pandan m ap pran konesans sa a, mwen gen yon gran fristasyon nan fon kè m. Se chak fwa m ap tande gouvènman Ayisyen resevwa 13 700 XO laptops epi yo pa konnen kisa ministè a fè avèk plis pase 7000 ladann yo.  M ta renmen nenpòt moun k ap suiv blog sa ki gen anfòmasyon sou XO sa yo ta bay plis limyè sou yo.